Pwogram Asistans pou Konsomatè Dèt Edikasyon an (EDCAP) , yon pwogram Sosyete Sèvis Kominotè Nouyòk (CSS) , finanse pa Eta Nouyòk pou ede Nouyòkè k ap lite ak dèt elèv yo. EDCAP ede prete yo navige nan sistèm peman prè elèv yo epi reprann sante finansye, tout pandan l ap sipòte elèv nan lavni nan aplikasyon pou èd finansye epi diminye chay dèt yo. Kòm yon pwogram endepandan san bi likratif, EDCAP sèvi kòm yon resous inik pou prete prè elèv federal ak prive. Aprann plis bagay sou sèvis gratis nou yo.
Pou plis pase 175 ane, Sosyete Sèvis Kominotè Nouyòk la te vwa prensipal la pou Nouyòkè yo epi li kontinye defann sekirite ekonomik travayè pòv yo. CSS reponn a defi ijan ak kontanporen yo avèk rechèch aplike, defans dwa moun, litij, ak modèl pwogram inovatè ki ede Nouyòkè yo reyalize yon pi bon kalite lavi epi ankouraje yon vil ak yon eta ki pi pwospè. Pou plis enfòmasyon sou CSS ak travay li fè a, vizite www.cssny.org .

Jwenn plis èd
EDCAP ofri konsèy prè elèv gratis, san patipri, epi onèt pou Nouyòkè yo. Rele liy asistans nou an pou pale ak yon konseye, pran yon randevou pou yon sesyon endividyèl sou entènèt, oswa rankontre an pèsòn.





