Ap mande tèt ou si èd finansyè ou a ap kouvri tout bagay? Sèvi ak zouti sa a pou detaye depans inivèsite ou yo epi wè si w ap bezwen plis finansman—epi si se wi, konbyen. Antre done pou jiska 10 lekòl ki soti nan lèt prim inivèsite ou yo oswa lòt sous.
Avètisman:
- Anwo a se estimasyon sèlman.
- Sibvansyon ak Bousdetid: Sibvansyon ak bousdetid se èd finansye ou pa oblije remèt, yo akòde yo dapre bezwen, merit oswa lòt kritè.
- Prè Federal pou Elèv: Prè federal pou elèv yo se lajan ou prete nan men gouvènman an pou ede w peye edikasyon w, avèk to enterè fiks ak pwoteksyon pou peman .
- Pwogram Travay-Etid: Pwogram Travay-Etid Federal la bay elèv ki kalifye yo travay a tan pasyèl pou ede yo peye depans edikasyon yo. Elèv yo dwe chwazi Pwogram Travay-Etid sou FAFSA a, epi finansman an limite pa disponiblite lekòl yo.
- Apati 1ye jiyè 2026, limit anpren yo pral aplike pou prè federal Parent Plus yo jan sa a: $20,000 chak ane pa timoun, $65,000 pou tout lavi pa timoun. Eksepsyon: Si elèv la gen yon prè dirèk ki te debouse anvan 1ye jiyè 2026, paran yo ka kontinye prete jiska pri lekòl la pou yon maksimòm de 3 zan pandan elèv la ap konplete pwogram etid li a.
Ou rete nan Eta Nouyòk? Ou ka jwenn èd gratis ak pèsonalize pou prè elèv jodi a!




