"Avèk peryòd delè peman an ki t apral fini, mwen te gen anpil enkyetid konsènan avni finansye mwen. EDCAP te ede m konprann bagay ki te boulvèse m pandan plizyè ane. Yo te gide m nan direksyon pi bon plan pou avni finansye mwen, yo te klarifye sitiyasyon prè mwen an, epi yo te montre m ke mwen te nan yon pi bon pozisyon pase sa m te panse. Gras a yo, kounye a mwen santi mwen gen pouvwa pou m travay pou atenn objektif alontèm tankou ekonomize, vin pwopriyetè kay, ak endepandans finansye."





