Konnen reyalite yo:
- Defo kòmanse vit : Si ou rate yon peman, ou an reta. Apre 9 mwa, ou an defo.
- Kredi pran yon kou : Si ou pa peye ankò, sa ka fè nòt ou bese plis pase 200 pwen, sa ka afekte lojman, travay ak plis ankò.
- Koleksyon yo ap retounen : Gouvènman an ka sezi ranbousman taks, sezi salè, epi diminye benefis—san pouswiv tribinal. Malgre ke li sispann tanporèman, li ka rekòmanse nenpòt ki lè.
- Pa gen padon jeneral : Pa gen yon anilasyon jeneral ki te fèt.
- Yon Plan IDR ka anpeche w tonbe nan defò: Rete an règ avèk yon Plan Rembousman ki baze sou Revni (osi ba ke $0/mwa) epi touche kredi padon.
Aji kounye a pou pwoteje ranbousman taks ou yo, evite pi gwo domaj finansye, epi mete w sou bon chemen pou jwenn padon.
Nouyòkè yo : Èd pèsonalize gratis disponib. Rele liy asistans nou an nan 888-614-5004 pou sipò ijan.
Fè 4 etap sa yo kounye a:

Etap 1: Tcheke kont Èd Elèv Federal ou a
Konekte sou studentaid.gov pou w ka jwenn plis enfòmasyon:
- Si prè ou yo an defò epi ki moun k ap jere yo.
- Ki moun ki sèvis prè ou a ye .
- Balans ou ye kounye a, to enterè ou, ak estati peman ou.
An Defo?
Aprann kijan pou soti nan defo epi chwazi pi bon apwòch la pou evite koleksyon.

Etap 2: Kreye yon kont ak sèvis prè ou a
Ale sou sitwèb konpayi sèvis ou a epi:
- Enskri oswa konekte sou kont ou.
- Gade kalandriye peman ou, avi peman ki anreta, ak lòt korespondans nan bwat resepsyon ou.
- Mete ajou oswa mete metòd peman ou an plas.

Etap 3: Eksplore opsyon plan peman yo
Ou ka kalifye pou yon Plan IDR dapre revni ou. Sèvi ak Kalkilatris Plan Rembousman nou an pou wè montan peman yo. Plan sa yo kapab:
- Diminye peman mansyèl ou.
- Kenbe prè ou yo an bon eta.
- Ede ou kalifye pou padon pita.
- Pa bezwen travay oswa revni!

Etap 4: Ou gen yon balans ki anreta? Rele sèvisè ou kounye a.
Mande enfòmasyon sou:
- Yon tolerans administratif retroaktif, ki ka mete kont ou ajou.
- Gen lòt opsyon pou kanpe koleksyon yo anvan yo kòmanse.
- Si ou pa kapab peye okenn plan peman, mande pou yon ranvwa oswa yon tolerans .
Ou vle èd pèsonalize?
Moun ki abite nan eta Nouyòk ka jwenn asistans gratis e san patipri pou prè elèv oswa èd finansye jodi a.
Pran yon randevou vityèl oubyen kontakte nou nan 888-614-5004 oubyen edcap@cssny.org











